Kreyòl Pale, Kreyòl Konprann: 5 Rezon Nou Dwe Pran Lang Kreyòl La Oserye

Pa gen anpil Ayisyen ki angaje kreyòl nan vi entelektyèl yo. Pi fò, si e pa tout, Ayisyen pale bon jan Kreyòl, men yo pa souvan ekri l, yo pa pwodwi konesans an Kreyòl. Gen lekòl an Ayiti ki pa menm pran tan pou yo aprann elèv yo pale ak ekri Kreyòl, yo pase plis tan ap montre elèv yo aprann Fransè, Anglè, ak Panyòl. Konbyen nan elèv sa yo ki janm gen chans kite Ayiti pou yo al itilize lang sa yo aletranje? Lè ou gen yon popilasyon ki pa ka li ni ekri nan lang matènèl li, se nan analfabetis ou ap envesti. Ki vle di, peyi a ap repwodwi pa sèlman inegalite men yon popilasyon ki pa ka li ni ekri a nivo li ta sipoze kabap. Li difisil pou yon moun aprann pale yon dezyèm lang si li pa byen metrize premye lang li.Anpil peyi, espesyèlman an Ewòp, ki gen popilasyon ki vrèman bilang, itilize yon pratik kote yo aprann anglè kòm lang etranje pandan y ap metrize lang matènèl yo. Si nou vle kreye yon popilasyon ki bilang, nou dwe rekonèt ke pi fò elèv an Ayiti, se kreyòl yo pale lakay yo. Fò nou itilize kreyòl kòm lang prensipal peyi a epi trete fransè kòm sa li ye a, yon lang etranje. Apre sa, fò gouvènman an avèk Akademi Kreyòl la envesti nan Ayisyen ki itilize kreyòl nan sa yo fè, pou nou ka gen plis zouti kòm liv, medya, elatriye an kreyòl. 

Men 5 Rezon Nou Dwe Pran Lang Kreyòl La Oserye: 

  1. Se Lang Ou Li Ye
  • Menm lè gen lòt peyi ki pale lang Kreyòl ki sanble a pa nou an, Kreyòl Ayisyen an se yon lang inik li ye. Lè ou itilize l, ou ede l pouse plis rasin!
  1. Fyète
  • Li se lang zansèt nou. Ki vle di si nou fann li plizyè bò, nou ap jwenn istwa nou, eritaj nou, ak lavni nou vlope anndan l.
  1. Pwodiksyon / Demokratizasyon Entelektyèl
  • Pa gen anpil liv avèk materyèl/zouti syantifik ki ekri an Kreyòl pa egzanp, gen anpil rechèch, liv, ak lòt materyèl ki poko fèt an Kreyòl. Ekri an Kreyòl pou ou enspire pèp la!
  • Lè ou deside pataje enfòmasyon an Kreyòl, desisyon sa a demokratize konesans ou ap pataje a paske tout Ayisyen jwenn yon opòtinite pou yo konprann! 
  1. Koneksyon Lokal/Rejyonal
  • Istwa Karayib la trè konplike, gen anpil lòt peyi ki pale Kreyòl tankou nou kòm Gwadloup e Matinik. Lè ou kreye an Kreyòl, se yon fason pou nou dekouvri youn lòt. 
  • Gen lòt peyi ki pale Kreyòl ki baze sou Anglè ak Panyòl, lè nou bay Kreyòl nou an valè, nou ka enspire yo fè menm bagay la.
  1. Aprann Lang Etranje Vin Pi Fasil
  • Ayisyen renmen vwayaje e gen anpil nan nou ki vle aprann lòt lang. Anpil rechèch demontre ke lè ou metrize premye lang ou, li vin pi fasil pou ou aprann yon dezyèm oubyen twazyèm lang!
  • Lè ou byen metrize Kreyòl la,  li ap vin pi fasil pou ou aprann yon lòt lang. Lè ou aprann yon lòt lang, ou vin gen posibilite pou ou konekte avèk yon lòt kilti e aprann plis enfòmasyon nan lavi ou.

Sòl: Sa Granmoun Yo Kite Pou Nou

Avanyè mwen menm avèk grann mwen te ap pale sou yon sijè ke nou pa janm sispann ka fèmen: Ayiti. Nenpòt konvèsasyon nou kòmanse toujou jwenn yon fason pou l rive sou Ayiti. Nou konn diskite ide politik, manifestasyon yo, oubyen fanmi nou nan peyi a. Nan tout konvèsasyon sa yo, tèm jeneral la toujou menm…kijan fè peyi nou an konsa e ki sa nou ka fè pou nou ede l tounen yon peyi ki kontinye fè nou fyè, pa sèlman pou tèt istwa l men de sa k pase ladan l chak jou. Grann mwen depase katreven lane, ki vle di li se temwen istwa resan peyi a. Li fè m konnen ke depi lè li gen konesans peyi an ap batay, men li pa wè ki avansman nou fè. Sa te etone m anpil e li te fè m panse a lè mwen a rive nan laj grann mwen. Èske peyi a ap rete menm jan an?  Mwen pè pou m panse a sa paske tout pati nan mwen vle di “non, kòman pou li pa ta chanje a ?” Men eksperyans mwen fè m pa fin kwè repons sa a.

Pandan nou tap pataje ide nou, mwen di grann mwen ke mwen panse souvan avèk zansèt nou yo ki te sakrifye lavi yo pou yo ba nou libète. Mwen panse a sa yo t ap di si yo te ka vin gade sa nou regle a peyi a. Ayiti gen yon istwa ki merite anpil glwa ak lwanj. Yon istwa ki mennen nou anpil fyète, zansèt nou yo ki te fè rèv sa reyalite pa tap ka kwè sa je yo t ap dekouvri. Se lè sa grann mwen di sa fè l sonje jan li menm avèk granpapa m te travay di pou yo asire yon avni pi fasil pou pitit yo avèk pitit pitit yo. Li santi tout travay li te fè yo, se Ozetazini yo mennen nou e yo pa regle anyen pou peyi a. Grann mwen rive nan sizyèm ane fondamantal e aprè li te aprann koud. Li marye granpapa m a 19 an. Granpapa m pa te elèv lekòl men li te konn travay latè. Aprè maryaj yo, grann mwen te deside fè komès, yon istwa nòmal an Ayiti. Komès li te byen mache, se avèk kòb sa yo li menm ak granpapa m te achte tè nou genyen e ki fè pitit yo antre Ozetazini. 

Nòmalman, lè tout moun antre, grandèt yo fin granmoun, tout baz ke yo te bati an Ayiti kraze. Lòt moun yo ki fèt an Ayiti, paske yo gen espwa vwayaje, pa eseye bati okenn fondasyon nan peyi a. Tout fanmi an vin kòmanse anouvo aletranje, pati kite sòl granmoun yo te bati. Se konsa grann mwen wè istwa Ayiti ye. Zansèt nou yo fè sa yo te sipoze fè kòm granmoun pou yo ba nou on fondasyon pou nou ka bati on chato plizyè etaj. Men nou, pou plizyè rezon, kite sòl la dèyè, nou al bati kay beton lòt kote. Sa ki rete yo ap pase mizè anba gouvènman san konsyans e enkonpetan ki pito vòlè pèp la ki deja pa gen anyen, pou yo ka chita sou menm tab avèk enmi yo, olye yo kontinye bati sou patrimwan nou.

Mwen vle byen soulinye wòl gouvènman an nan sitiyasyon sa a paske gouvènman an pa regle anyen pou Ayisyen. Se gouvènman an ki gen pouvwa pou li chanje baz peyi a pou li ka fonksyone yon lòt jan. Se politisyen yo ki siyen kontra avèk peyi etranje, se yo ki deside konbyen kòb bidjè peyi an ap ye chak ane, e se yo ki deside nan ki sektè yo ap depanse kòb sa yo. Men ane vini, ane ale, yo monte pouvwa yo desann pouvwa, mande sa yo fè, yo pa ka lonje dwèt montre ou anyen. 

Sa se yon gran wont pou nou tout, e depi sa kontinye, Ayisyen ap toujou oblije pou yo al pran refij nan lòt peyi. Yon solisyon ki pa souvan miyò paske anpil fwa nan lòt peyi sa yo se maltrete yo maltrete nou. Yo pa bay degre inivèsite nou valè; fòk nou tounen lekòl pou nou re-aprann metye nou. Genyen ki antre nan peyi fredi kote yo nan leve bonè nan fredi antre ta nan fredi ki fè yo pa menm gen tan pou yo wè fanmi yo souvan; san konte zanmi ak fanmi yo kite dèyè an Ayiti ke yo pa menm konnen ki lè yo ap rankontre ankò. E genyen ki jwenn lavi a pi mal toujou; prèske chak jou gen nouvèl Ayisyen yo bat oubyen touye Sen Domeng. Tout sa se paske gouvènman nou an pa travay pou nou e yo pa kreye travay pou nou. Men depi nou rive aletranje, gouvènman an antre nou nan kategori “Dyaspora” pou yo ka di nou devlopman peyi a sou kont nou, pou yo ka pran taks sou remitans nou pou yo anrichi tèt yo pi rèd. Enjistis sa a gen pou l fini, se nou menm pèp la, Ayisyen nan peyi a avèk dyaspora, ki pou di aba. Paske se nou tout yo ap seche. 

Se konsa ti konvèsayon sa yo avèk grann mwen toujou fini. Nan fon pwòblèm nou diskite yo, se gouvènman an ki toujou pote plis chay. Se pa blame nou pa ka blame pèp la men nou pa t pati kite Ayiti pou tèt pèp la. Pi gwo leson mwen aprann nan konvèsayon sa yo se enpòtans pèseverans; pou mwen pa kite reyalite yo dekouraje m, se refij mwen vin pran aletranje. Sa ki kapab yo, se pou yo pran solidarite avèk pèp la nan mande aba enjistis pou yo ka kreye Ayiti yo vle wè a. Lè m regade fondasyon ki nan peyi a deja kòm baz zansèt yo kite pou mwen, pou nou, mwen santi ke anpil chay pa lou. Jenerasyon pa m nan pa menm bezwen fin bati peyi a nèt, menm si se de twa blòk nou mete pandan vi nou, ti moun yo ki grandi wè sa a met kouraj pa yo sou fondasyon nou kite.